TSK

TSK · 2 Chronicles 29:25

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Wa a pale ak pwofèt Natan, li di l' konsa: -Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Seyè a se anba yon kay twal li ye.

¶ Seyè a voye pwofèt Natan kot David. Natan rive kote l', li di l' konsa: -Vwala te gen de nonm ki t'ap viv nan yon lavil. Yonn te rich, lòt la te pòv.

Genyen nan fanmi Levi yo ki te sanba. Chèf fanmi sa yo te viv nan pyès chanm ki te nan Tanp lan. Yo pa t' gen lòt okipasyon pase lajounen kou lannwit yo t'ap fè travay yo.

David chwazi kèk moun Levi pou reskonsab sèvis y'ap fè devan Bwat Kontra a pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou adore l', pou di l' mèsi, pou fè lwanj li.

Seyè a pale ak pwofèt Gad, konseye David la, li di l' konsa:

¶ Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak:

David di li: -Tout plan travay la ekri an detay nan yon liv dapre lòd Seyè a menm te ban mwen. Li esplike m' tou sa pou m' fè.

Dapre regleman David, papa l', te bay, li mete chak gwoup nan travay pa yo, prèt yo pou fè sèvis pou Bondye, moun Levi yo pou fè lwanj Seyè a epi pou ede prèt yo nan travay yo dapre sa ki pou fèt chak jou fèt yo. Li bay chak gwoup gad pòtay Tanp lan lè travay yo nan chak pòtay, dapre lòd David, moun Bondye a, te kite.

¶ Konsa pandan sèt jou, moun pèp Izrayèl ki te sanble lavil Jerizalèm yo fete fèt Pen san ledven yo avèk anpil kè kontan. Chak jou, prèt yo ak moun Levi yo menm t'ap chante fè lwanj Seyè a, yo t'ap jwe enstriman mizik yo byen fò pou Seyè a.

¶ Lè yo tapral fè sèvis benediksyon miray ranpa lavil Jerizalèm lan, yo fè chache tout moun Levi yo toupatou kote yo te rete, yo mennen yo lavil Jerizalèm. Yo te vle fè yon gwo fèt pou sèvis benediksyon an ak kè kontan. t'ap gen chante pou di Bondye mèsi, avèk mizik, senbal, gita ak bandjo.