TSK

TSK · 2 Chronicles 34:6

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Jozyas demoli lotèl ak tanp zidòl wa Jewoboram, pitit Nebat la, te bati lavil Betèl la tou. Se Jewoboram sa a ki te lakòz pèp Izrayèl la fè sa ki mal. Li kraze lotèl la, li fè wòch yo tounen poud. Li boule estati Achera a.

¶ Ezekyas voye envite tout moun peyi Jida ak tout moun peyi Izrayèl yo. Li voye lèt bay branch fanmi Efrayim ak branch fanmi Manase yo. Li voye envite yo pou yo vin nan Tanp Seyè a, lavil Jerizalèm, pou yo fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.

¶ Lè fèt la fini, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo ale nan tout lavil pèyi Jida yo. Yo kraze moniman wòch yo, yo jete estati zidòl Achera yo, yo demoli dènye tanp ak lotèl kote yo fè sèvis pou zidòl yo. Yo mache fè sa nan tout peyi Jida a, nan peyi moun Benjamen, moun Efrayim ak moun Manase yo. Lèfini, tout moun pèp Izrayèl yo tounen lakay yo nan peyi pa yo.

Nan tout mòn kote yo te konn travay ak wou pou plante, pesonn p'ap ka ale la ankò poutèt pikan ak raje. Se bèf y'a lage la, se la mouton yo pral manje.