Se konsa Seyè a te kanpe la avèk Jozye. Nan tout peyi a yo t'ap nonmen non l'.
TSK
TSK · 2 Samuel 7:9
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Seyè a te kanpe avèk li.
Se konsa, ni Sayil, ni twa pitit gason l' yo, ni gad kò a te mouri. Jou sa a, tout mesye Sayil yo te mouri.
Apre sa, David mete kèk ganizon sòlda pa l' nan teritwa Damas la. Moun peyi Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye l' taks chak lè. Se konsa, Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase.
¶ Lè Seyè a te fin delivre David anba men Sayil ak anba men tout lènmi li yo, David chante chante sa a pou Seyè a.
Li asire pye m' tankou pye kabrit, li fè m' mache sou mòn yo san m' pa tonbe.
Mwen kraze yo fè yo tounen pousyè. M' pilonnen yo, m' mache sou yo tankou sou labou nan lari.
Mwen kouri dèyè lènmi m' yo, mwen jwenn yo. Mwen pa tounen jouk tan mwen pa fin kraze yo nèt.
Ou menm, lavil Bondye a, tande bèl bagay y'ap di sou ou:
Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè.