TSK

TSK · Deuteronomy 4:13

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Moute sou mòn lan bò kote m'. Rete la. m'a ba ou de ròch plat avèk lalwa ak regleman mwen te ekri sou yo pou fè levasyon pèp la.

Lè Seyè a te fin pale konsa ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li ba li de ròch plat kote li te ekri kontra a ak pròp men li.

¶ Moyiz fè tout pèp Izrayèl la sanble, epi li di yo: -Nou menm pèp Izrayèl, koute lòd ak kòmandman m'ap fè nou tande jòdi a. Aprann yo byen. Pa janm bliye yo pou nou ka toujou fè tou sa yo mande nou fè.

Men pawòl Seyè a te di nou lè nou tout nou te sanble sou mòn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nwaj nwa a, li pale byen fò ak nou. Li pa di anyen ankò apre sa. Li ekri kòmandman sa yo sou de wòch plat, epi li ban mwen yo.

Se lè sa a Seyè a te ban mwen de wòch plat yo. Se sou yo li te ekri avèk pwòp men l' tou sa li di nou, antan li te nan mitan gwo dife a, jou nou tout te reyini nan pye mòn lan.

Nan Bwat Kontra a pa t' gen pase de moso wòch plat Moyiz te mete ladan l' yo depi sou Mòn Orèb la. Se sou de wòch sa yo Seyè a te make kontra li te pase avèk moun pèp Izrayèl yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip.

Se la lotèl an lò a te ye ansanm ak Bwat kote yo te sere kontra a. Se sou lotèl la yo te konn boule lansan. Bwat la menm te kouvri nèt ak lò. Anndan l' yo te mete yon ti ja an lò tou ki te gen laman dezè a. Bò kote ti ja a, yo te mete baton Arawon an ki te fleri, ansanm ak de moso wòch plat kote yo te ekri pawòl kontra a.