TSK

TSK · Exodus 33:9

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Lè Bondye fin pale avèk Abraram, li kite l', li moute nan syèl.

Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit.

Lè Seyè a te fin pale konsa ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li ba li de ròch plat kote li te ekri kontra a ak pròp men li.

Pa kite pesonn moute avè ou. Pa kite pesonn parèt sou mòn lan. Ata mouton ak bèf pa pou vin manje twò pre mòn lan.

Chak fwa Moyiz te antre nan Tant Randevou a pou l' pale ak Seyè a, li te tande vwa Seyè a ki t'ap pale avè l' anwo kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a, nan mitan de zanj cheriben yo.

Seyè a parèt devan yo anndan Tant Randevou a, nan yon nwaj ki te gen fòm yon gwo poto devan pòt tant lan.

¶ Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Li di m' konsa: -Leve non. Soti al nan fon an. M'a pale la avè ou.