TSK

TSK · Genesis 1:7

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Bondye di. Se pou tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Se konsa sa te pase.

¶ Bondye di ankò. Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa. Se konsa sa te pase.

Job 38:8 TSK

Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a?

¶ Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo.

Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.

Depi nwaj yo plen dlo, se pou lapli tonbe sou latè. Lè yon pyebwa tonbe, kit li tonbe sou bò nò, kit li tonbe sou bò sid, kote l' tonbe a, se la pou li rete.