Lè sa a, Sarayi di Abram. Se fòt ou wi si m'ap sibi tout wont sa a. Se mwen menm ki te ba ou sèvant mwen an pou madanm. Men, depi li wè li ansent lan, li pa gade m' pou anyen ankò. Se Seyè a ki pou jije m' avè ou.
TSK
TSK · Genesis 16:3
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Men anvan l' mouri, li te bay pitit li te fè ak lòt fanm kay yo kèk kado. Apre sa, li fè yo pati, li voye yo byen lwen Izarak, pitit gason l' lan, li voye yo nan peyi kote solèy leve a.
Se konsa, Rachèl te pran sèvant li a, li bay Jakòb pou madanm. Jakòb kouche ak Bila.
Menm jou lannwit sa a, Jakòb leve, li pran de madanm li yo, de sèvant li yo ak onz pitit gason li yo, li janbe lòt bò larivyè Jabòk, nan pas la.
¶ Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Yon jou, yon moun Levi ki te rete nan fon mòn Efrayim yo leve, l' al pran yon fanm, moun lavil Betleyèm nan peyi Jida, pou fanm kay li.
Salomon te marye ak sètsan madanm ki soti nan fanmi gwo chèf, lèfini li te gen twasan fanm kay. Medam sa yo fè l' vire do bay Bondye.