TSK

TSK · Genesis 2:9

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Men, kanta pou pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di. Piga nou manje ladan l', piga nou manyen l' menm. Sinon, n'ap mouri.

¶ Apre sa, Seyè a, Bondye a, di. Koulye a, Adan vin konnen sa ki byen ak sa ki mal tankou yonn nan nou. Nou p'ap kite l' lonje men l' keyi fwi pyebwa ki bay lavi a pou l' manje l', pou l' pa viv pou tout tan.

Moun ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann!

Se mwen menm ki fè siy yo te predi yo pèdi sans yo. Se mwen menm ki fè divinò yo depale. Mwen demanti pawòl moun save yo. Mwen fè yo wè tout konesans yo se bagay moun fou.

Nan jaden Bondye a, pa t' gen pye sèd tankou l'. Okenn pye pichpen pa t' gen branch tankou pa l' yo. Okenn pye sikren pa t' gen ti branch konsa. Nan jaden Bondye a, pa t' gen bèl pyebwa tankou l'.

Nan tout pyebwa jaden Edenn yo, kilès ki te bèl, kilès ki te wo tankou ou? Men koulye a, tankou tout lòt pyebwa jaden an, ou pral desann ale nan peyi ki anba tè a. Ou pral jwenn moun ki pa pote mak kontra Bondye a, moun ki mouri nan lagè yo. Se sa k'ap rive farawon an ansanm ak tout pèp li a. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.

John 6:48 TSK

Se mwen menm pen ki bay lavi a.

Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan piebwa ki bay lavi a, piebwa ki nan mitan jaden Bondye a.

Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gen dwa manje fwi piebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la.