Lekontrè, te gen anpil moun Filisti ki te pote anpil kado ak anpil ajan ba li tankou si li te chèf yo. Ata moun peyi Arabi yo te pote sètmil sètsan mouton ak sètmil sètsan kabrit fè l' kado.
TSK
TSK · Isaiah 13:20
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
M'ap fè lavil Babilòn tounen yon marekay. Se zagoudi ase k'ap rete la. Mwen pral bale sa byen bale. M' p'ap kite anyen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.
L'ap boule lajounen kou lannwit. Lafimen pral soti ladan l' tout tan san rete. Tè a ap tounen savann pou tout tan tout tan. Moun p'ap janm pase la ankò.
Paske yon nasyon ap soti nan nò, l'ap mache pran peyi a, l'ap fè l' tounen yon dezè. p'ap gen pesonn ladan l'. Bèt kou moun ap kouri met deyò.
¶ Seyè a di ankò: -Mache pran peyi moun Mira-Tayim yo! Atake moun peyi Pekòd yo! Touye yo tout, fini ak yo nèt! Se pou nou fè tou sa mwen menm mwen ban nou lòd fè a!
Konsa, koute sa mwen soti pou m' fè moun lavil Babilòn yo, sa mwen fè lide fè moun peyi Kalde yo: Sèten, ata timoun yo yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo.
Tout latè ap tranble, l'ap souke, paske lè plan travay Seyè a rive pou l' fèt. Li pral fè Babilòn tounen yon dezè kote p'ap gen pesonn ankò.
Tout ti bouk li yo tounen yon dezè tou, san pa gen yon gout dlo ladan yo. Se raje toupatou. Pa gen pesonn ladan yo ankò. Pesonn pa pase la non plis.
Lè sa a, yon zanj ki te gwonèg anpil pran yon wòch gwosè yon wòl moulen, li jete l' nan lanmè a. Li di: Se konsa yo pral jete gwo lavil Babilòn lan atè ak fòs. Pesonn p'ap janm wè l' ankò.