TSK

TSK · Isaiah 19:13

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo.

Chèf lavil Zoan yo, se yon bann moun sòt! Sa ki pi fò nan moun k'ap bay farawon an konsèy yo, se ranse y'ap ranse. Ki jan yo ka fè di wa a se pitit ansyen moun lespri ak pitit ansyen wa yo li ye?

¶ Seyè a pale ak Jeremi, li ba li yon mesaj pou tout moun Jida yo ki te rete nan peyi Lejip, lavil Migdòl, lavil Tapanes, lavil Menmfis ak nan zòn lavil Patwòs.

Nou menm moun peyi Lejip, mare pakèt nou pou yo depòte nou! Lavil Menmfis pral tounen yon dezè, yon bann miray kraze, san pesonn ladan l'.

M'ap mete dife nan peyi Lejip. Lavil Sin lan pral nan gwo lapenn. Gwo miray lavil Tèb yo pral fann, y'ap kraze. Dlo pral anvayi tout lavil la.

M'ap fè anpil ladan yo tounen chèf, kòmandan lame ak sòlda ki gen ladrès pou goumen. Se nan pèp la menm m'ap fè chèf ki pou gouvènen yo soti.

Pou nou menm ki mete konfyans nou nan wòch la, wòch la gen anpil valè. Men, pou moun ki pa mete konfyans yo nan li, sa ki ekri nan Liv la pral rive vre: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.