TSK

TSK · Isaiah 3:11

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Men, si nou pa fè tou sa, konnen se kont Seyè a menm n'a peche. N'a peye konsekans peche nou an.

Bondye te fè moun lavil Sichèm yo soufri pou mechanste yo te fè lòt moun soufri. Se konsa, madichon Jotam, pitit gason Jewoubaal la, te wè pou yo a rive yo vre.

Men mesaj Seyè a voye ba ou: M'ap voye yon gwo malè sou ou. Mwen pral disparèt ou. Mwen pral touye dènye gason, granmoun kou timoun, nan fanmi ou.

Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l' rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l' fè soti byen.

Pini yo pou sa yo fè, pou tou sa yo fè ki mal. Pini yo pou tou sa yo fè, ba yo sa yo merite.

Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis?

¶ Gade! Moun ki mache dwat jwenn rekonpans yo isit sou latè. Men, nou pa bezwen mande si moun k'ap fè mechanste ak moun k'ap viv nan peche p'ap jwenn ak pa yo tou!

Men se pa menm bagay la pou mechan an. L'ap malere, lavi li tankou yon lonbraj. L'ap mouri bonè, paske li pa gen krentif pou Bondye.

Men Seyè a di: Pa gen kè poze pou mechan yo!

Se poutèt sa, men sa Seyè a di: -Moun k'ap sèvi m' yo va jwenn kont manje pou yo manje. Men nou menm n'a ret grangou. Sèvitè m' yo va jwenn kont pou yo bwè, nou menm n'ap ret swaf dlo. Sèvitè m' yo va gen kè kontan; men nou menm n'a wont.

Seyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l' konsa: -Mwen pral boule avè ou jan ou merite l' la, paske ou pa ka kenbe pawòl ou, ou kase kontra a.

Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va soti tèt dwat lè jou jijman an.