Ou mèt kwè m', Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M' pa gen pesonn lòt ki ka tope ak yo.
TSK
TSK · Isaiah 38:14
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m' yo ap boule m' sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an.
Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: -Kilè w'a vin konsole m'?
¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ou menm ki chita sou fotèy ou nan syèl la ap gouvènen, se bò kote ou mwen leve je mwen.
N'ap wouke tankou chen, n'ap plenn tankou bourik anba chay. N'ap tann Bondye pou l' pran defans nou. Bichi! N'ap tann li vin delivre nou. Anyen menm!
¶ Genyen ki va chape kò yo al nan mòn, tankou ranmye k'ap vole kite fon yo. Yo pral plenn sò yo pou tou sa yo fè ki mal.
Tankou yon gwo basen plen dlo ki pete, moun yo ap kouri soti lavil Niniv. Y'ap di yo: Rete non! Rete non! Men, yonn pa vire tounen.