TSK

TSK · John 18:35

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Li konmanse pase nou nan betiz. Li t'ap di devan moun pa l' yo ak devan sòlda lame peyi Samari a: -Kisa jwif yo konprann y'ap fè la a? Yo ta renmen rebati lavil la. Yo konprann avèk tout bèt y'ap ofri pou touye yo, nan yon jou yo pral fini? Yo mete nan tèt yo avèk demoli ki fin tounen pousyè ak sann dife yo ka fè wòch pou rebati lavil la.

John 19:6 TSK

Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l', yo kòmanse rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Pran l', kloure l' sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m' kondannen l', mwen menm.

Acts 3:13 TSK

Se Bondye Abraram, Izarak ak Jakòb, Bondye zansèt nou yo k'ap fè lwanj sèvitè li, Jezi. Nou menm, nou te lage l' nan men otorite yo, nou te voye l' jete devan Pilat, atout Pilat li menm te vle lage li.

Si se sa, se pa ou menm ki ejipsyen an, nonm ki te kòmanse yon revolisyon tou lòt jou a epi ki te mennen katmil bandi avè l' nan dezè a?

Mwen wè li pa t' fè anyen ki pou ta fè yo touye l' ni pou yo mete l' nan prizon. Yo t'ap akize l' dèske li fè yon bann bagay ki gen rapò ak Lalwa yo a.

¶ Nan kondisyon sa a, lè yon moun jwif, ki avantaj ki gen nan sa? Kisa sikonsizyon an fè pou li?