L'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a pou Bondye ka asepte l' tankou yon ofrann l'ap fè pou mande Bondye fè li gras.
TSK
TSK · Leviticus 16:21
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
¶ Men, lè sa a pitit pitit nou yo va rekonèt peche yo ak peche zansèt yo, peche yo te fè paske yo te refize fè sa m' te di yo fè, peche yo te fè paske yo te kenbe tèt avè m'.
Tanpri, voye je ou sou mwen menm k'ap sèvi ou la. Panche zòrèy ou pou tande lapriyè m'ap fè nan pye ou koulye a, lajounen kou lannwit, pou sèvitè ou yo, moun pèp Izrayèl yo. Mwen rekonèt tou sa moun pèp Izrayèl yo fè ki mal devan je ou. Mwen rekonèt ni mwen menm ni zansèt mwen yo nou fè peche.
Lè sa a, mwen rekonèt peche m' yo devan ou, mwen pa t' kache ou sa m' te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Seyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m' yo.
¶ Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.
Mwen leve je m' nan syèl la pou m' lapriyè Seyè a, Bondye a, ak tout kè m'. Mwen t'ap kriye nan pye l', mwen te rete san manje, yon rad sak sou mwen. Mwen te chita sou sann dife.
Kris la pa t' janm fè okenn peche, men Bondye fè l' pran sò nou sou li, yo trete l' tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras.