TSK

TSK · Luke 19:43

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Seyè a pral mennen yon nasyon soti byen lwen nan dènye bout latè, yon nasyon ki pale yon lang nou p'ap konprann, yo pral vare sou nou tankou malfini sou poul.

¶ Mwen wè malè pou lotèl Bondye a, lavil Jerizalèm! Mwen wè malè pou lavil kote David te moute kan li an. Kite ennan, dezan konsa pase, kite tout fèt yo fin pase,

Wa yo ap moute vin sènen lavil la ak lame yo. Yo pral moute tant yo fè wonn li, chak moun bò pa yo.

Li pral touye tout moun k'ap viv nan lòt lavil ki nan rès peyi a. Li pral fouye gwo kannal, li pral anpile ranblè tout arebò ou. Li pral moute yon miray ak plak fè pou pare kou.

Wa a fè yon gwo kòlè, li voye sòlda l' yo touye ansasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan lavil yo a.

¶ Nou gen pou nou wè bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, chita kote l' pa t' dwe ye. (Se pou tout moun k'ap li sa a chache konprann.) Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide va blije al nan mòn.

Se jwif yo ki te fè touye ni Jezi, Seyè a, ni pwofèt yo. Se yo menm tou ki te pèsekite m' ansanm ak zanmi m' yo. Yo pa soti pou fè Bondye plezi. Yo fè lènmi ak tout moun.