Menm jan Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa jou twa nwit anba tè.
TSK
TSK · Luke 24:6
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
¶ Yon jou, antan tout disip yo te la ansanm nan peyi Galile, Jezi di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' tonbe anba men lèzòm.
Yo di li: Chèf, nou chonje lè nonm ki t'ap bay manti a te vivan, li te di apre twa jou li pral leve soti vivan.
Apre sa, li kòmanse di disip li yo yon bann bagay. Li di yo konsa: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè touye m'. Men sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan pami mò yo.
¶ Yo soti kote yo te ye a, yo travèse peyi Galile. Jezi pa t' vle moun konnen kote li te ye,
Apre sa, li di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou m'ap leve soti vivan nan lanmò.
¶ Jezi pran douz disip yo apa, li di yo: Tande, men n'ap moute Jerizalèm kote tou sa pwofèt yo te ekri sou Moun Bondye voye nan lachè a pral rive.
Nou pa chonje mwen te di nou sa lè m' te lakay nou toujou?