¶ Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'.
TSK
TSK · Mark 4:8
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Mesaj mwen tankou dife, tankou mato k'ap kraze wòch an miyèt moso. Se mwen menm menm, Seyè a, ki di sa.
Moun ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki konprann pawòl la lè yo tande li. Lè sa a, yo donnen. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, yon lòt bay trant.
Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo donnen: yo bay san pou yonn. Lè l' fin di sa, li di ankò: Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande.
Men, sa ki te resevwa l' yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye.
Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m'ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawòl pa m' m'ap pale.
Jwif Bere yo te gen pi bon santiman pase sa Tesalonik yo: yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo t'ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t'ap di yo a se vre.
Bon nouvel la gaye nan mitan nou depi premye jou nou te tande pale favè Bondye a, depi lè yo te fè nou konnen sa li ye tout bon an. Bon nouvèl sa a lakòz nou resevwa anpil benediksyon, menm jan li fè l' toupatou sou latè.
¶ Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou chonje. Se pou tout moun prese louvri zòrèy yo pou yo ka tande. Men, pa kouri pale, pa prese fè kòlè.