TSK

TSK · Mark 8:15

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Nan premye mwa a, depi katòzyèm jou a nan aswè rive jouk sou venteyenyèm jou a nan aswè tou, se pen san ledven pou nou manje.

epi w'a fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak devan tout pèp la. Epi la, devan yo tout, w'a ba li tout lòd ou gen pou ba li.

Apre sa, wa David di Salomon, pitit li a: -Mete gason sou ou! Pran kouraj, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Seyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini.

¶ Lè sa a, Ewòd ki t'ap gouvènen nan peyi Galile tande pale sou Jezi.

Ki jan nou fè konprann se sou pen mwen t'ap pale nou, lè mwen di nou: pran prekosyon nou ak ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo?

¶ Yo te voye kèk farizyen ansanm ak kèk nan patizan Ewòd yo bò kot Jezi pou wè si yo te ka pran yon pawòl nan bouch li pou akize li.

Apre sa, li di yo tout: Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li.

Devan Bondye, devan Jezikri, devan tout zanj k'ap viv pou Bondye yo, men sa m'ap mande ou: swiv lòd sa yo san fè ni patipri ni moun pa nan tou sa w'ap fè.

¶ Fè tout moun chonje bagay sa yo. Pran Bondye pou temwen, pale yo pou yo pa diskite sou mo. Diskisyon sa yo pa rapòte anyen. Se pèdi y'ap pèdi moun ki koute yo.