¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak pitit Arawon yo, prèt yo. W'a di yo konsa: Lè yon prèt gen yon moun mouri nan fanmi l', piga li patisipe nan ankenn seremoni yo fè pou mò, pou sa pa mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye,
TSK
TSK · Nehemiah 13:29
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Sinon, pitit li yo va yon wont pou fanmi an. Se mwen menm, Seyè a, ki mete li apa pou sèvis mwen.
Apre tou sa Bondye fè pou nou, nou jwenn li pa fè ase toujou: Nan tout pèp Izrayèl la, se nou li chwazi pou pwoche bò kote l', pou fè sèvis li nan kay li, pou kanpe devan pèp la pou fè sèvis pou yo.
Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Ou menm, Seyè, Bondye, ou menm ki chèf lame zanj yo, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, leve non! vin pini moun lòt nasyon yo! Se pou ou san pitye pou bann mechan sa yo k'ap trayi ou!
Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki te ban nou lòd sa a, pou kontra mwen te pase ak fanmi Levi a ka toujou la. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.
¶ Eske se pa yon sèl papa a nou tout nou genyen? Eske se pa yon sèl Bondye ki fè nou tou? Poukisa atò nou pa kenbe pwomès nou yonn ak lòt? Poukisa nou meprize kontra Bondye te fè ak zansèt nou yo?