Moyiz chwazi nan mitan pèp Izrayèl la kèk nèg ki kapab dirije pèp la, li mete yo chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
TSK
TSK · Numbers 1:4
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
¶ Se non tout moun sa yo Moyiz ak Arawon te pran lè sa a. Te gen douz chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, ki t'ap ede yo nan travay la.
¶ Dapre lòd Seyè a te bay la, Moyiz, Arawon ak chèf pèp Izrayèl yo te fè resansman gason nan fanmi Keyat yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo.
¶ Chèf yo te fè lòt ofrann pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou mete l' apa pou sèvis Bondye a. Yo mete ofrann yo devan lotèl la.
-Ou pral chwazi douz nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yonn pou chak branch fanmi. Ou pral voye yo pou y' al wè ki jan peyi Kanaran an ye, peyi m'ap bay moun Izrayèl yo.
Seyè a di Moyiz konsa: -Pran tout chèf pèp la, pann yo gwo midi devan mwen. Konsa, mwen p'ap ankòlè sou yo ankò.
avèk douz chèf n'a chwazi pou fè pataj la, yonn nan chak branch fanmi.
Yo te pran dis chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, yo voye yo avèk Fineas. Chèf sa yo, se moun ki te alatèt branch fanmi pèp Izrayèl yo.