TSK

TSK · Numbers 3:47

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Chak moun y'a konte nan resansman an va peye de goud edmi, dapre jan yo konte lajan nan kote ki apa pou Bondye a. Chak moun va peye sa tankou yon ofrann yo mete apa pou Seyè a.

Y'a fè tout pri yo dapre sistèm lajan yo sèvi nan kote yo mete apa pou Bondye a: yon gwo pyès pou ven ti pyès.

Men sa li te ofri: yon bòl an ajan ki peze twa liv enka, yon plat an ajan ki peze yon liv twaka, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan. Ni bòl la ni plat la te plen farin frans melanje ak lwil ki te sèvi pou ofrann grenn jaden yo.

Pou pwa yo, n'a gen vin gera egal yon chekèl, swasant chekèl egal yon mina.