M'ap fè fwontyè peyi nou an konmanse depi sou lanmè Wouj la rive jouk sou lanmè Mediterane, depi sou dezè a al bat sou larivyè Lefrat la. M'ap lage tout moun nan peyi a anba men nou, n'ap chase yo met deyò devan nou.
TSK
TSK · Numbers 33:52
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Okontrè, se pou nou kraze lòtèl yo, dechouke tout vye ròch moniman yo te kanpe. Koupe tout poto bwa yo te plante pou zidòl yo.
Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase ankenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo.
Nan peyi nou pral pran pou nou an, se pou nou kraze tout kote moun yo te konn sèvi bondye yo sou gwo mòn wo yo, sou ti bit mòn yo, anba pyebwa vèt yo.
Men, lè nou pran yon lavil ki nan limit peyi Seyè a ap ban nou pou nou rete a, se pou nou touye tou sa ki vivan ladan l'.
Men, mesye pèp Izrayèl yo di moun Evi yo konsa: -Pou di se pa toupre la a nou rete? Ki jan nou ta vle pou nou pase kontra ak nou?
¶ Seyè a te bay Moyiz, sèvitè li a, lòd li yo. Moyiz menm te bay Jozye menm lòd yo tou. Se konsa Jozye te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè, san manke anyen.
Nou menm, bò pa nou, piga nou fè ankenn kontra ak moun k'ap viv nan peyi a. Se pou nou kraze tout lotèl yo. Men, nou pa fè sa m' te di nou fè a. Gade sa nou pito fè!
¶ Yo pa t' detwi moun lòt nasyon yo jan Seyè a te mande yo fè a.