TSK

TSK · Numbers 7:10

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Jou Moyiz te fin moute kay Bondye a, li vide lwil sou li pou mete l' apa pou Bondye, li fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye ansanm ak tout bagay ki mache avè l' nan tant lan, lotèl la ak tout bagay ki sèvi sou lotèl la.

Salomon te ofri venndemil towo ak sanvenmil mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.

Yo pase sèt jou ap fè sèvis pou mete lotèl la apa pou sèvis Bondye, lèfini yo pase sèt jou ankò ap fè fèt. Sou wityèm jou fèt la, yo fè yon gwo sèvis pou fèmen seremoni an.

¶ Lè yo tapral fè sèvis benediksyon miray ranpa lavil Jerizalèm lan, yo fè chache tout moun Levi yo toupatou kote yo te rete, yo mennen yo lavil Jerizalèm. Yo te vle fè yon gwo fèt pou sèvis benediksyon an ak kè kontan. t'ap gen chante pou di Bondye mèsi, avèk mizik, senbal, gita ak bandjo.

¶ Kantik pou fèt Benediksyon Tanp lan. Se yon sòm David. M'ap fè lwanj ou, Seyè, paske ou mete m' sou de pye m' ankò, paske ou pa bay lènmi m' yo chans pou yo pase m' nan rizib.