N'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a chak lanne, nan katòzyèm jou premye mwa a. N'a konmanse fèt la lè solèy fin kouche.
TSK
TSK · Numbers 9:2
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
¶ Lè mwa Abib la va rive, se pou nou fete fèt delivrans lan pou Seyè a, Bondye nou an, paske se yon jou lannwit konsa, nan mwa Abib la, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou soti kite peyi Lejip la.
¶ Wa Jozyas fete fèt Delivrans lan pou Seyè a. Nan katòzyèm jou premye mwa a, yo touye ti mouton pou fèt la.
¶ Premye jou fèt Pen san ledven an, jou yo te konn touye ti mouton pou manje Delivrans lan, disip yo di Jezi konsa: -Ki bò ou ta vle n' al pare Fèt Delivrans lan?
¶ Wete vye ledven peche sa a pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n'a tankou yon pa t' ki fèk bat, san ledven ladan li. Pou di vre, se sa menm nou ye deja. Paske Delivrans nou, se Kris la menm. Yo ofri l' bay Bondye pou nou deja tankou ti mouton yo konn touye lè fèt la.