Si yo panche sou li, li ale. Si yo kenbe l' fò, y'ap blayi atè ansanm avè l'.
TSK
TSK · Proverbs 14:11
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Wi, mechan yo p'ap gen pitit. Dife ap boule tout kay yo bati ak lajan yo volè.
Wi, men sa k'ap tann lakou moun k'ap fè mechanste yo, fanmi moun ki pa respekte Bondye yo.
N'ap mande kote kay gwo zotobre a. Sa ki rive kay nèg ki te konn fè sa ki mal la.
Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo.
Madanm ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou. Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plant oliv tout arebò tab ou.
¶ Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon.
¶ Seyè a ap disparèt moun awogan yo ansanm ak tout fanmi yo. Men, l'ap pwoteje kay fanm ki pèdi mari yo.
¶ Moun ki gen konprann ap gen gwo richès ak kantite bon manje lakay yo. Men, moun sòt gaspiye tout lajan yo.
Seyè ki gen tout pouvwa a di konsa se li menm menm ki voye madichon sa a pou li antre nan kay tout moun k'ap vòlò, ak nan kay tout moun k'ap pran non m' fè sèman pou bay manti. L'a rete nan kay moun sa yo. Tankou dife, l'ap boule tout bwa ak tout wòch kay yo.