TSK

TSK · Proverbs 17:5

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع
Job 31:29 TSK

Mwen pa janm kontan lè lènmi m' ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo.

¶ Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere!

¶ Seyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa.

Men, Seyè, mwen pa t' janm kole dèyè ou pou ou te voye malè sou yo! Mwen pa t' janm mande pou move tan tonbe sou yo! Seyè, ou konn sa! Se devan ou mwen te di tou sa m' te di.

¶ Paske nou te masakre pitit pitit Jakòb yo, kouzen nou yo, paske nou te fè yo anpil mechanste, yo pral fè nou wont, yo pral disparèt nou nèt.

Nou pa t' dwe kontan wè kouzen nou yo nan malè. Nou pa t' dwe kontan wè y'ap fini ak moun fanmi Jida yo. Nou pa t' dwe pase yo nan rizib, lè yo te nan tray.

Fè kè n' kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.