TSK

TSK · Proverbs 18:22

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Seyè a, Bondye a, di ankò. Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l' pou ede l'.

Se konsa Jakòb pase sètan ap travay kay Laban pou l' te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a.

Ruth 4:10 TSK

An menm tan tou, yo ban m' dwa pran Rit, vèv Maklon an, pou madanm mwen. Konsa, tè a va rete nan fanmi defen an: Non defen an p'ap pèdi non plis nan lavil la. N'a sèvi m' temwen pou sa ki rive jòdi a.

¶ Bwè dlo nan kannari ou. Se ak madanm ou ase pou ou rete.

¶ Yon bon madanm se yon lwanj li ye pou mari li. Men, yon madanm ki fè mari l' wont, se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.

¶ Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.

Jakòb, zansèt nou an, te blije al kache nan peyi Aram. Lè l' te la, li te travay pou moun pou l' te ka jwenn yon fanm pou l' marye. Wi, li te fè metye gadò mouton pou l' te ka jwenn yon fanm.