Te sitèlman gen moun sanble tout bò kote Jezi, li moute nan yon kannòt, li chita. Tout foul moun yo menm te rete kanpe sou rivaj la.
TSK
TSK · Acts 16:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Apre sa, Jezi fèmen Liv la, li renmèt li bay moun ki t'ap ede nan sèvis la. li al chita. Tout moun ki te nan sinagòg la te gen je yo fikse sou li.
Nan denmen maten, byen bonè, li tounen nan tanp lan. Tout foul moun yo pwoche bò kote li. Li chita, li pran moutre yo anpil bagay.
¶ Antan Banabas ak Pòl t'ap soti nan sinagòg la, moun yo mande yo pou yo tounen jou repo k'ap vini an pou pale sou tout bagay sa yo ankò.
Jan l' te konn fè a, Pòl antre nan sinagòg la. Pandan twa jou repo li diskite ak jwif yo sou sak te ekri nan Liv yo.
¶ Premye jou nan senmenn lan, nou te reyini nan aswè pou n' te separe pen an ansanm. Pòl t'ap pale ak asanble a. Li te gen pou l' te pati nan denmen maten. Li te menwi, li t'ap pale toujou.
Koulye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.