TSK

TSK · Mark 13:6

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men, Seyè a reponn, li di m' konsa: -Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m' pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo ankenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l'. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di.

Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun.

Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Men li bò la a, pa kwè li.

John 5:43 TSK

Se Papa m' ki voye mwen. Men, nou pa vle resevwa mwen. Men, kite yon lòt moun vin pou kont li, n'ap resevwa li.

Acts 5:36 TSK

Sa pa gen lontan, yon nonm yo rele Tedas te parèt. Li te pran pòz grannèg li. Li jwenn katsan moun konsa ki te mete tèt ansanm avè li. Yo touye l', epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye. Se konsa mouvman an tonbe.