¶ Kèk tan apre sa, moun Filisti yo sanble tout sòlda yo pou y' al goumen ak pèp Izrayèl la. Lè sa a, Akich di David: -Ou tou konnen se pou ou pati ansanm avè m' ak mesye ou yo pou n' al goumen.
TSK
TSK · 1 Chronicles 10:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
1 Samuel 28:1
TSK
1 Samuel 29:1
TSK
¶ Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo nèt lavil Afèk. Moun Izrayèl yo menm te moute kan yo bò sous ki nan Fon Jizreyèl la.
2 Samuel 1:6
TSK
Nonm lan reponn: -Mwen t'ap pase konsa sou mòn Gilboa a lè mwen wè Sayil apiye sou frenn li pou l' pa tonbe atè. Cha lagè lènmi yo ak kavalye yo te prèt pou rive sou li.
2 Samuel 21:12
TSK
David al pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan nan men moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad. (Moun sa yo te al vòlò kadav Sayil ak Jonatan sou plas piblik lavil Bèt-Chean kote moun Filisti yo te pann yo lè yo te fin touye Sayil sou mòn Gilboa a.)