Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
TSK
TSK · 1 Chronicles 10:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Mwen bay pawòl mwen. Mwen fè sèman devan Seyè ki vivan an, li menm ki delivre pèp Izrayèl la, menm si se Jonatan, pitit mwen, ki koupab, se pou l' mouri. Pesonn pa louvri bouch yo di anyen.
Se sou reny Jozyas, farawon Neko, wa peyi Lejip, te moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l' al bay wa peyi Lasiri a yon koutmen. Wa Jozyas soti al kontre l' pou anpeche li pase. Rive bò lavil Megido, wa Neko wè l', li touye l'.
¶ Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal.
¶ Moun k'ap mache dwat yo ap fin mouri nan peyi a, sa pa fè pesonn anyen. Moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo ap fin disparèt, pesonn pa wè sa. Mechanste fè moun k'ap mache dwat yo disparèt.