TSK

TSK · 1 Chronicles 11:10

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Seyè a di Samyèl konsa: -Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l' jete pou l' pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l' yo pou vin wa.

Abnè al jwenn chèf fanmi moun Izrayèl yo pou fè yon koze ak yo. Li di yo konsa: -Depi lontan nou te vle se David ki pou te wa nou, pa vre.

¶ Men non vanyan sòlda David yo: Premye a te rele Jochèb Bachebèt, moun lavil Tachemon. Se li menm ki te chèf Twa pi vanyan yo. Pou kont li, li goumen ak frenn li ak witsan moun. Li touye tout yon sèl kou.

Se yo menm ki te ede David ansanm ak lame a, paske se te yon bann vanyan sòlda. Apre sa, yo te gwo chèf nan lame a.

Tout sòlda sa yo, ki te tou pare pou fè lagè, te vin jwenn David lavil Ebwon ak tout kè yo. Yo te soti pou yo te fè l' wa sou tout peyi Izrayèl la. Tout rès pèp Izrayèl la te vini ak menm lide a tou: fè David wa.

¶ Men lis chèf fanmi pèp Izrayèl la ak kòmandan rejiman mil sòlda ak kòmandan divizyon san sòlda ansanm ak lòt anplwaye yo te konte ki t'ap sèvi ak wa a nan gouvènman li. Chak mwa nan lanne a te gen yon gwoup vennkatmil gason ki te desèvis sou lòd yon chèf diferan.