TSK

TSK · 1 Chronicles 11:6

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yonn t'ap di lòt: -Gade nonm lan non! Tande jan l'ap mete nou an defi! Si yon moun rive bat nonm sa a, wa a ap fè moun sa a rich, l'ap marye l' ak pitit fi li. Lèfini, l'ap bay tout fanmi l' yo dwa pou yo pa janm bezwen peye ankenn taks nan peyi Izrayèl.

Lè Abnè rive Ebwon, Joab mennen l' apa bò pòtay lavil la tankou si li te vle pale pou kont li avè l'. Epi li ba li yon kout ponya nan vant. Se konsa Joab touye Abnè paske Abnè te touye Asayèl, frè l' la.

¶ Joab te kòmandan tout lame pèp Izrayèl la. Benaja, pitit Jeyojada, te kòmandan keretyen yo ak peletyen yo, gad pèsonèl wa a.

Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon?