TSK

TSK · 1 Chronicles 12:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

David leve ansanm ak sisan moun pa l' yo, y' ale kay Akich, pitit gason Maòk la, ki te wa lavil Gat.

¶ Apre li te fin kraze moun Amalèk yo, David tounen lavil Ziklag. Lè sa a Sayil te deja mouri. David menm te lavil Ziklag depi de jou.

lè moun ki te vin fè m' konnen Sayil te mouri a te kwè se yon bon nouvèl li t'ap pote ban mwen, mwen pran l', mwen fè touye l' lavil Ziklag. Men rekonpans mwen te ba li pou bon nouvèl sa a.

Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal.

Li di konsa: -Seyè, mwen pa gen dwa bwè dlo sa a. Se tankou si m' ta bwè san mesye sa yo ki riske lavi yo pou y' al chache l'. Se konsa, li derefize bwè dlo a. Se sa twa vanyan gason sa yo te fè.