¶ Jakòb voye kèk komisyonè devan al jwenn Ezaou, frè li a, nan peyi Seyi, kote Edon te rete a.
TSK
TSK · 1 Chronicles 12:23
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
W'a envite Izayi nan sèvis la. Mwen menm, m'a di ou sa pou ou fè. W'a mete moun m'a di ou la apa pou sèvi wa devan m'.
Li mennen moun ki te avè l' yo tou ansanm ak tout fanmi yo. Y' al rete lavil Ebwon ak nan tout ti bouk ki toupre l' yo.
¶ Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l' konsa: -Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou.
¶ Men non chèf vanyan sòlda David yo. Se yo ki te soutni gouvènman David la ansanm ak tout pèp Izrayèl la pou l' te ka wa, jan Seyè a te pwomèt moun Izrayèl yo sa.
¶ Nan tan lontan, moun k'ap sèvi ou yo te wè ou nan yon vizyon. Ou te pale ak yo, ou te di yo: -Mwen te bay yon vanyan gason yon koudmen. Mwen te pran yon jenn gason nan pèp la, mwen mete l' chèf.