¶ Se konsa, Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kot David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs chapant ak bòs mason ki bati yon palè pou David.
TSK
TSK · 1 Chronicles 14:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Iram, wa peyi Tir, te toujou yon bon zanmi wa David. Lè li vin konnen se Salomon ki te vin moute wa nan plas David, papa l', li voye kèk chèf bò kote l'.
Apre sa, Iram voye di Salomon: -Mwen resevwa mesaj ou a. M'ap fè tou sa ou mande m' fè pou bwa sèd ak bwa pichpen yo.
Se konsa bòs mason Salomon yo ak bòs mason Iram yo ansanm ak mesye lavil Gebal yo te pare blòk wòch ak bwa pou bati Tanp lan.
¶ Wa David te byen chita nan palè li. Yon jou li fè rele pwofèt Natan, li di l' konsa: -Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Seyè a se anba yon kay twal li ye.
Li mete swasanndimil moun ap travay pote materyo, katrevenmil moun ap taye wòch nan mòn. Te gen twamilsisan moun reskonsab kontwole travay la.
W'a voye ban mwen madriye sèd, bwapen ak bwa koray ki soti nan peyi Liban. Paske mwen konnen moun peyi ou yo konn pare bwa sa yo byen. M'a voye moun pa m' ede pa ou yo
Madichon pou moun k'ap bati gwo kay avèk lajan lenjistis, k'ap mete chanmòt sou kay yo ak lajan yo fè nan move kondisyon. Y'ap fè jwif parèy yo travay gratis pou yo, yo pa peye yo lajan yo.