Koulye a, men sa w'a di David, sèvitè m' lan: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp mwen an.
TSK
TSK · 1 Chronicles 14:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la pou tout tan, li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen san patipri.
Men pwovizyon m'ap voye pou moun ou yo k'ap koupe pyebwa yo ak pou moun k'ap siye yo: sanmil barik ble, sanmil barik lòj, sandimil galon diven ak sandimil galon lwil oliv.
Si ou konprann pou fèmen bouch ou nan yon ka konsa, Bondye ap toujou delivre pèp jwif la. Y'a sove, men ou menm, w'ap mouri epi fanmi ou ap disparèt. Ou pa janm konnen si se pa pou move pa sa a ou larenn jounen jòdi a.
Mwen pral regle nou. Mwen pral netwaye nou nan dife, tankou lè y'ap netwaye fè. Mwen pral wete tout vye kras ki sou nou.