TSK

TSK · 1 Chronicles 15:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Apre sa, David al rete nan gwo fò a, li rele l' lavil David la. Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a.

David voye komisyon bay Tama nan palè a pou l' ale kay Amnon pare manje pou li.

Lèfini, li reyini tout pèp Izrayèl la lavil Jerizalèm pou yo pote Bwat Kontra a kote li te pare pou li a.

¶ Wa David te byen chita nan palè li. Yon jou li fè rele pwofèt Natan, li di l' konsa: -Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Seyè a se anba yon kay twal li ye.

Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp Izrayèl la sanble devan l' lavil Jerizalèm pou yo al pran Bwat Kontra Seyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l' nan Tanp lan.

Acts 7:46 TSK

David te jwenn favè Bondye, li te mande l' pèmisyon pou l' te fè yon kay pou Bondye Jakòb la.