TSK

TSK · 1 Chronicles 16:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Men dènye pawòl David yo. David, pitit gason Izayi a, te yon nonm Bondye te mete byen wo. Se li menm Bondye Jakòb la te chwazi pou wa. Li te fè bèl chante pou pèp Izrayèl la. Men sa li te di:

Chèf moun Levi yo te Achabya, Jechwa, Bennwi ak Kadmyèl. Yo te separe moun Levi yo an gwoup. De gwoup te kanpe yonn anfas lòt pou chante lwanj Seyè a ak kantik pou di Bondye mèsi, yonn apre lòt, dapre lòd wa David, sèvitè Bondye, te kite a.

¶ Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l' anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l' yo. Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen.