Se pou kantite pèp soumèt devan ou. Se pou kantite nasyon bese tèt devan ou. Se ou menm ki pou mèt frè ou yo. Se pou pitit pitit manman ou yo bese tèt devan ou. Se pou tout moun ki ba ou madichon jwenn madichon. Se pou tout moun ki beni ou jwenn benediksyon.
TSK
TSK · 1 Chronicles 18:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Se zam ou k'ap fè ou viv. W'ap sèvi frè ou la, se vre. Men, se pye poudre ou ye, w'a soti anba men l'.
Apre sa, w'a moute sou ti mòn Bondye yo rele Gibeya a, kote yon lame moun Filisti moute ganizon yo. Lè w'ap antre nan lavil la, w'a kontre ak yon gwoup pwofèt k'ap desann soti bò lotèl ki sou ti mòn lan. Y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap jwe fif ak bandjo, y'ap danse, y'ap bay mesaj ki sot nan Bondye.
¶ Yon jou, Jonatan, pitit Sayil la, pale ak jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Ann al avè m'! Ann travèse lòt bò a, nan kan moun Filisti yo. Men Jonatan pa t' avèti papa l'.
M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Si li fè sa ki mal, m'ap korije l' tankou yon papa korije pitit gason li.
Apre sa, David mete moun pa l' pou gouvènen peyi Damas la. Moun Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye taks chak lè. Se konsa Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase.
Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.
Lè m' te lavil Damas, moun wa Aretas te mete pou gouvènen lavil la pran gad, li mete yo nan tout pòtay lavil la pou yo te arete m'.