TSK

TSK · 1 Chronicles 19:6

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yo di yo: -Se pou Seyè a wè sa nou fè la a. Se pou l' pini nou. Paske se nou menm ki lakòz ni farawon an ni moun k'ap sèvi l' yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Nou mete yon nepe nan men yo pou yo fini ak pèp la.

¶ Apre yo te fin fè Sayil wa peyi Izrayèl la, li fè lagè ak tout lènmi l' yo alawonnbadè: ak moun Moab yo, moun Amon yo, moun Edon yo, ak wa lavil Soba yo, ak moun Filisti yo. Kote li pase, li genyen batay yo.

Apre sa, li bat Adadezè, pitit gason Reyòb, wa peyi Zoba a, ki t'ap mache pran zòn ki sou anwo larivyè Lefrat la.

Bondye fè yon lòt moun leve dèyè Salomon ankò. Se te Rezon, pitit gason Elyada, ki te kouri kite lakay mèt li, Adadezè, wa peyi Soba a.

¶ Lè Towou, wa lavil Amat la, tande jan David te kraze tout lame Adadezè a,

Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa, wa peyi Jida a: -Eske w'ap vin avè m' pou atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la? Jozafa reponn li: -Mwen menm ak tout sòlda mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!

Wa peyi Izrayèl la ak Jozafa, wa peyi Jida a, te chita yo chak sou fotèy pa yo ak bèl rad wa yo sou yo, sou gwo glasi ki bò pòtay lavil Samari a sou deyò. Tout pwofèt yo te la devan yo ap bay mesaj pa yo.

Li fè lagè ak wa peyi Amon an. Li bat li. Lanne sa a, moun peyi Amon yo ba li twamiltwasan kilo ajan, senkantmil barik ble ak senkantmil barik lòj. Pandan dezan apre sa, yo ba li menm kantite a chak lanne.

Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt.

Se poutèt sa, moun ki pa asepte pawòl sa a, se pa pawòl lèzòm li pa koute, se pawòl Bondye ki ban nou Sentespri l' la menm li pa koute.