TSK

TSK · 1 Chronicles 21:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Men, pèp Izrayèl la te dezobeyi lòd Seyè a te bay pou yo pa t' pran anyen nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Te gen yon nonm nan branch fanmi Jida a ki te rele Akan. Se te pitit Kami. Kami sa a te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak. Akan sa a te pran kichòy nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Kifè Seyè a te move anpil sou pèp Izrayèl la.

Leve non! Fè sèvis pou mete pèp la nan kondisyon pou sèvi m'. W'a di yo pou yo pare kò yo pou yo ka nan kondisyon fè sèvis pou mwen denmen, paske mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Nou menm pèp Izrayèl, nou gen nan mitan nou bagay mwen te ban nou lòd detwi. Nou p'ap ka kenbe tèt ak lènmi nou yo si nou pa wete l' nan mitan nou.

Lè seremoni lantèman yo fini, David voye chache l', li pran l' lakay li. Batcheba vin madanm li. Li fè yon pitit gason pou David. Men, sa David te fè a pa t' fè Seyè a plezi menm.

Lèfini, yo antere yo ansanm ak zosman Sayil ak zosman Jonatan yo nan tonm Kich, papa Sayil la, lavil Zela nan pòsyon peyi ki pou branch fanmi Benjamen yo. Yo fè tou sa wa a te bay lòd fè a. Apre sa, Bondye tande lapriyè yo pou peyi a.

¶ Lè David fin fè konte konbe moun ki gen nan peyi a, konsyans li konmanse repwoche l'. Li di Seyè a: -Lè m' fè sa m' fè a, mwen fè yon gwo peche. Tanpri, Seyè, padonnen m', se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou.

Se konsa, Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la. Li touye swasanndimil moun nan pèp Izrayèl la.