TSK

TSK · 1 Chronicles 22:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Msye vin pè, li di: -Isit la se yon kote pou moun respekte! Se pa lòt bagay, isit la se kay Bondye ak pòt syèl la.

Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a.

¶ Men, jou sa a pwofèt Gad al jwenn David, li di l' konsa: -Moute lakay Araounak, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Seyè a nan mitan gwo glasi a.

¶ Zanj Seyè a te bay pwofèt Gad lòd pou l' te al mande David pou l' moute lakay Onan, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Seyè a nan mitan glasi a.

Depi jou mwen te fè pèp mwen an soti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la pou yo bati yon tanp ladan l' pou mwen rete, ni mwen pa t' chwazi pesonn pou gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la.

Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a.

Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.

John 4:20 TSK

Zansèt nou yo nan peyi Samari te sèvi Bondye sou mòn sa a. Men nou menm jwif, nou di: Sèl kote pou moun sèvi Bondye, se lavil Jerizalèm.