TSK

TSK · 1 Chronicles 27:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Apre sa, te gen yon lòt batay ankò avè moun Filisti yo lavil Gòb. Lè sa a, Sibekayi, moun lavil Ousa, touye Saf, yon lòt potorik gason nan ras moun Arafa yo.

¶ Apre sa, lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun pèp Izrayèl yo bò lavil Gezè. Lè sa a, Sibekayi, yon moun lavil Ousa, touye Sipayi, yon moun nan ras Arafa yo. Yo fè moun Filisti yo soumèt devan yo.