TSK

TSK · 1 Chronicles 28:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ W'a fè yon gwo lanp sèt branch ak pi bon lò ki genyen. y'a pran yon sèl gwo mòso lò, y'a bat li ak mato pou fè pye gwo lanp sèt branch lan ansanm ak tout kò li. y'a fè pòtre bèl flè, flè an bouton, flè louvri, sou tout kò li. Yo tout va fè yon sèl pyès ak pye lanp lan.

Salomon fè fè dis gwo lanp sèt branch an lò, dapre jan pou yo te fè yo a. Li mete yo nan Tanp lan, senk sou bò gòch, senk sou bò dwat.

¶ Mwen mande l': -De pye oliv ki chak bò lanp sèt branch lan, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch, kisa yo ye?

Men sans kache sèt zetwal ou wè nan men dwat mwen an, ansanm ak sans sèt gwo lanp sèt branch lò yo. Sèt zetwal yo se zanj sèt legliz yo. Sèt gwo lanp sèt branch yo, se sèt legliz yo.