TSK

TSK · 1 Chronicles 29:13

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!

¶ Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan.

¶ Wa a di ankò: -Apre sètan sa yo, mwen menm Nèbikadneza, mwen leve je m' mwen gade syèl la. Bonnanj mwen vin sou mwen. Mwen di Bondye nan syèl la mèsi, mwen fè lwanj Bondye k'ap viv pou tout tan tout tan an, mwen rekonèt jan li gen pouvwa. L'ap donminen pou tout tan. Gouvènman li ap la jouk sa kaba.

¶ Ann di Bondye mèsi, li menm ki fè Tit devwe pou nou, menm jan avè mwen!

¶ Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m' t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l' pou sa l' ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye.