TSK

TSK · 1 Chronicles 3:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

David ak mesye l' yo rete ak Akich lavil Gat ak tout fanmi yo. David te gen de madanm ak li: Akinoam, yon fanm lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madan defen Nabal, moun lavil Kamèl.

Men sis pitit gason David vin fè antan li te lavil Ebwon: Pi gran an te rele Amon. Se Akenoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l'.

¶ Men sa ki vin rive apre sa: Absalon, pitit gason David la, te gen yon sè ki te bèl anpil. Li te rele Tama. Amnon, yon lòt pitit gason David, tonbe damou pou li.

Koulye a, Seyè a te ban mwen anpil pitit. Men, nan tout pitit sa yo li chwazi Salomon pou chita sou fotèy la pou gouvènen pèp Izrayèl la ak pouvwa l'ap ba li.