TSK

TSK · 1 Chronicles 3:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Jozafa t'ap mache sou disetan depi li te wa peyi Jida a, lè Okozyas, pitit Akab, moute sou fotèy wa peyi Izrayèl la. Li pase dezan ap gouvènen peyi Izrayèl la lavil Samari.

Lè Joram mouri, yo antere l' nan kavo zansèt li yo nan lavil David la. Apre sa, se Okozyas, pitit li a, ki moute wa nan plas li.

Men lè yo t'ap touye pitit wa yo, Jocheba, pitit fi wa Joram, sè menm papa ak Okozyas la, te pran Joas, yonn nan pitit gason Okozyas yo, li kache l' ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la nan yon chanm kote moun dòmi nan tanp lan. Yo pa kite Atali wè Joas. Se konsa Joas pa mouri.

¶ Lè sa a, Jeou t'ap mache sou sètan depi li t'ap gouvènen. Joas pase karantan lavil Jerizalèm ap dirije peyi a. Manman l' te yon moun lavil Bècheba ki te rele Zibya.

¶ Jozafa mouri, yo antere l' nan tonm wa yo, nan lavil David la. Se pitit li, Joram, ki moute sou fotèy la nan plas li.

Joram tounen lavil Jizreyèl pou l' te refè anba blese li te pran nan batay li t'ap mennen kont Azayèl, wa peyi Siri a, lavil Ramòt. Lè sa a, Okozyas moute lavil Jizreyèl pou l' vizite Joram, pitit pitit Akab, paske Joram te malad.