TSK

TSK · 1 Chronicles 3:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Wa Joas, pitit gason Joakaz la, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Amasya, pitit Joas, moute wa nan peyi Jida.

Seyè a peni wa a pou sa. Li voye yon move maladi po sou li ki rete avè l' jouk jou li mouri. Li te rete nan yon kay apa, yo pa t' kite l' gouvènen. Se Jotam, pitit li, ki te chèf nan palè a. Se li menm ki te regle tout zafè nan peyi a.

Lè sa a, Oze, pitit gason Ela a, moute yon konplo sou do Peka, pitit Remalya a. Li atake l', li touye l'. Lèfini, li moute wa nan plas li. Lè sa a, Jotam, pitit gason Ozyas la, te gen ventan depi li t'ap gouvènen peyi Jida.

¶ Amasya te gen vennsenkan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Jeojadan, moun lavil Jerizalèm.

¶ Jotam te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l' te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk.