TSK

TSK · 1 Chronicles 4:43

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Apre sa, Seyè a di Moyiz: -Ekri sa nan liv rejis la pou moun yo pa janm bliye batay sa a. W'a di Jozye konsa m'ap efase non Amalèk sou latè pou yo pa janm chonje l' ankò.

Seyè a antere l' nan peyi Moab la, nan fon ki anfas Bèt-Peyò a. Jouk jòdi a, pesonn pa konnen ki kote li antere.

Sayil bat moun Amalèk yo depi lavil Avila rive Chou sou bò solèy leve peyi Lejip.

Nan denmen, granmaten David atake yo, li goumen ak yo jouk nan aswè. Pesonn pa t' chape, an wetan katsan jenn gason ki moute kèk chamo epi ki gen tan kouri ale.

Si yon moun kanpe sou devan pyès ki apa nèt pou Seyè a, yo ka wè pwent poto yo nan kote ki apa pou Bondye a tèlman yo te long. Men, ou pa ka wè yo lòt kote ankò. Jouk koulye a poto yo la toujou.

Se poutèt sa, jouk jounen jòdi a, yo rele jaden sa a: Jaden san.